Powèm yon fanm damou - Tèks 1
Komsi m ta pral
glise, komsi m ta pral sove
Ou touche m e m
tande men w sipliye m rete
Pou m pale avè w
oswa pou m fè silans
Pou m tande vwa
kè w, pou m fè l konfyans
Men po kòm pat bezwen lapriyè w pou l te ret kole sou po w
M pat bezwen
pèmisyon w aswè a pou m te bo w
Sant kò w te deja
pase m lòd pou m rete la
Avè w, toupre w
E menmsi latè te
miwomiba
Se chalè sa m tap
toujou dwe w
Paske men m pa vle lòt direksyon
Paske bouch mwen
pa vle tande rezon
Paske…
la,
kounya,
apre sa
anyen lòt pa
konte !
Shell Pomme
Commentaires
Enregistrer un commentaire